Festival kont anba tonèl la prè pou demare

Festival kont anba tonèl la prè pou demare
Festival kont anba tonèl la prè pou demare

Fokal pran anpil plezi pou kore, ane sa ankò, Festival kont anba tonèl la, k ap kòmanse samdi 23 mas la, pou fini 4 avril. Festival sa a, Asosyasyon kiltirèl Foudizè òganize chak ane, deja kite yon kolonn bèl souvni nan tèt nou. Pou yon katriyèm fwa, Foudizè envite tout moun vin rekonsilye ak bèl tradisyon tire kont ki te toujou genyen nan peyi Dayiti, ki sou wout pou disparèt kounye a, sitou nan vil yo.

Festival la ap dewoule plizyè kote, tankou nan FOKAL, nan Sant kiltirè ARAKA, nan Pastoral inivèsitè, nan otèl Le Marcelin, nan ENARTS ak nan lakou TNH ki chita nan Dèlma.Direksyon foudizè a toujou kenbe lide pou fè festival la tounen yon espas kote plizyè kilti diferan ka rankontre nan respè pou diferans yo. Se pou sa, ane sa ankò, l’ap resevwa plizyè kontè k ap viv epi tire kont nan lòt peyi. N ap gen chans dekouvri Françoise Diep ki se yon fransèz, Fayo k ap soti Gwadloup ak Joujou Turenne. ki fèt an Ayiti men ki grandi Kanada kote l ap viv jis kounye a.

Foudizè pa bliye timoun yo. Se avèk yon espektak ki fèt espesyalman pou yo, festival la ap kòmanse samdi 23 mas la a 11è nan maten nan bibliyotèk Monique Calixte nan FOKAL. Se twoup teyat « planch sou do » ki konstate jan timoun yo toujou neglije nan aktivite sa yo, ki te bay Foudizè lide pou kreye espas sa sa, ki rele Tim tim timoun, ki la espesyalman pou timoun yo, nan lè yo ka vini asiste.




Pou lòt espektak k ap fèt FOKAL, nou jwenn : Joujou Turenne ak Fayo k ap tire kont jou k ap mèkredi 27 mas la, soti 6è pou rive 8è nan aswè. Nan lendi premye avril, se ap tou pa Fayo, ki soti Gwadloup ak kontè ayisyen Jonhny Zephirin nou byen konnen déjà, k ap jwe nan menm lè a. Pou fini festival la, FOKAL ap resevwa BIC nan jedi 4 avril la pou yon konsè k ap kòmanse a 6è.

Pa bliye pase pran kat nou davans an lajan nan FOKAL pou espektak k ap fèt la yo.

Pou nou jwenn tout rès pwogram nan, nou ka ale sou paj Facebook festival la.

Pou plis enfòmasyon toujou, nou ka al sou sit Foudizè a : www.foudizetheatre.com

Nou kapab tou rantre an kontak ak Billy Elucien nan : 37 21 94 54 oubyen Nélio Joseph nan : 34 26 13 04


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.

Enable Notifications OK No thanks