Premye tounwa deba nan lang kreyòl nan pwogram deba FOKAL la !

Premye tounwa deba nan lang kreyòl nan pwogram deba FOKAL la !

Premye tounwa deba nanSe sou tèm « Demokrasi ak eleksyon nan peyi Dayiti » tounwa rejyonal Sid nan rezo klèb deba FOKAL la pral dewoule nan vil Leyogàn 25 ak 26 avril 2015. Pwogram inisyativ jèn yo nan FOKAL ap nan  Taciana Hôtel zòn Chatuley pou asire bon dewoulman konpetisyon an. Yon trantèn jèn debatè kap soti nan sis (6) klèb Jeremi, Dabòn, Okay, Kan-Peren ak Fon Parizyen pral fè egzèsis agimantasyon ak konfwontasyon lide sou de sijè.


Youn nan sijè yo  se « Leta ayisyen ta dwe limite kantite pati politik kap enskri nan eleksyon jeneral yo pou ranfòse demokrasi nan peyi a ». Alòske yap kabap prepare yo pou match yo pou premye sijè a, debatè yo ap konnen dezyèm sijè a  anvan dezyèm seri deba yo. Men final la ap fèt sou premye sijè a. Chak match deba yo ap gen 3 jij sof final la kap gen 5.

Se premye fwa tounwa deba pral fèt an kreyòl nan pwogram deba FOKAL la. Objektif tounwa sa a se reponn ak demand kèk responsab klèb te fè lane pase nan rankont ki fèt chak ane ak pwogram deba a. Men FOKAL swete tou ogmante kantite deba kap fèt nan rezo a, epi ranfòse ak amelyore kalite deba yo.


Yon lòt kote, 3è edisyon tounwa rejyonal Lwès la ap fèt nan Pòtoprens 7 me kap vini la. Uit (8) klèb sa yo pral nan konpetisyon an : Okap, Gwo Mòn, Santo (Site Solèy), Kriswa (Pòtoprens), Bibliyotèk Monique Calixte (Pòtoprens), Matisan (Pòtoprens), Diquini ak Kot PLaj (Kafou). 


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks