LÈT TOU LOUVRI POU KADINAL KATOLIK LA CHIBLY LANGLOIS
Pòtoprens, jou ki 20 jiyè 2014 la.
Misye Kadinal la,
Nan jou ki te 13 jiyè 2014 la, ou te bay jounal anglè ki rele “The Guardian“ yon entèvyou kote ou bay dizon w sou zafè Vodou ki se relijyon pèp ayisyen a kote ou pale konsa pou di:
1- Vodou a se yon gwo pwoblèm sosyal pou peyi w Ayiti ki nan dezespwa tèlman li pòv ;
2- Relijyon Vodou a pa gen okenn vrè solisyon li ka pote pou popilasyon an ki déja pa ka jwenn jistis ak bon wout politik, se maji sèlman li ka fè ;
3- Ou di ankò, se kwayans pèp la genyen nan Vodou ki kreye pwoblèm politik ki pa janm fini ke peyi a ap viv depi lontan e se sa ki fòse mas ki pi pòv yo al chache solisyon sinatirèl ;
4- Si yon moun ta enstwi epi gen kòb pou regle zafè l, li ta va ale kay doktè si li malad olye li ta ale kay yon Houngan ou byen li ta pito al nan tribinal pou l jwenn jistis olye li al kay Houngan pou l fe vanjans. Ou fè konprann se yon gwo pwoblem pou ni legliz, ni pou Ayiti ;
5- Ou di 80 pou san ayisyen se katolik, men mwatye popilasyon an pratike Vodou tou menm si anpil ladan yo fè l an kachèt. Epi ou di seremoni Vodou yo fèt nan nwit paske vodouyizan yo wont di sa yo ye ;
6- Ou di legliz pa kapab ni pa gen dwa pase sou eleman kiltirèl yo ak kèk bagay yo fè nan Vodou tankou tanbou, rit yo, jan yo chante. Men pou ou moun pa ka swiv 2 relijyon, ou pa ka katolik pou vodouyizan tou, si w se katolik ou se katolik, si w se vodouyizan ou se vodouyizan.
Misye kadinal la, vodouyizan pran tan yo ak san yo pou yo byen analize entèvyou w la ak reyaksyon lòt moun gen sou li. Premyèman, nou di AYIBOBO ! pou tout konpatriyòt konsekan ak gwoup ki ap reflechi sou mannyè pou yo ankouraje tolerans nan mitan pitit pèp la.
Misye kadinal la, ann fe yon ti bak nan listwa peyi D Ayiti. An 1492, Kristòf Kolon rive sou zile Ayiti Boyo Kiskeya sou lòd Izabèl lakatolik epi benediksyon Lepap. Premye sa li fè lè li pile tè a, li plante yon kwa, epi simen levanjil jan yo te mande l sa, yon mannyè pou l te ka volè tout lò zile a, pou voye an Nespay ak nan Vatikan. Pou l te ka rive fè sa, avèk benediksyon pap Alexandre 6, li te masakre ak touye depi se Tayino yo ki te premye mèt tè sa a. Pi devan Lespay remèt Lafrans yon tyè nan zile a e an 1503, sou demann Las Casas ki te yon pè katolik women menm jan avè w, yo bwote vin bò isit, zansèt nou yo soti an Nafrik, pou vin esklav nan plas Tayino yo.
Nou pa bezwen rakonte nan lèt sa a, tout kalte mizè ak tout kalte soufrans, move kondisyon lavi, kolon kretyen yo sou zòd legliz te fè zansèt nou yo pase paske nou respekte kouraj Pap Janpòl 2, ki te al vizite kontinan afriken an, mache nan tout kote yo te prepare moun pou vin esklav pou mande padon pou legliz katolik epi deklare lesklavaj se yon krim kont limanite.
N ap fè w sonje ankò, Misye Kadinal la, fason zansèt nou yo te konprann Bondye lavi a kòm yon èt ki lib ak valè 401 Lwa yo te anseye yo nan Vodou a, te fè yo pat janm aksepte tèt yo kòm esklav epi jwenn kouraj ak detèminasyon pou goumen kont lesklavaj. Konsa nan nwit 14 dawou 1791, se swaf yo te genyen pou yo te viv tankou Bondye, ki fè yo te chita ansanm pou fè yon peyi ki rele yo chèmèt chèmètrès nan bliye diferans yo, nan chache kote yo sanble. An 1804, yo deklare bay lemonn antye, yo se yon pèp lib ak endepandan ki ap viv sou yon bout tè yo te bay non Ayiti pou onore memwa zansèt Tayino yo e ki vle di nan lang Fon “Depi kounye a, tè sa se pou nou“.
Ou di Vodou a se yon gwo pwoblèm sosyal pou peyi a. Si se paske Vodou a pèmèt nou goumen chak jou kont tout prejije ak diskriminasyon lekòl ou yo anseye timoun nou yo pou anpwazone lavi vodouyizan, ou fek kare di sa. Si se paske Lwa Vodou yo pèmèt nou konprann kiyès nou ye, ban nou mwayen montre lòt pèp sa nou ye tout bon vre, aprann nou viv ansanm nan kenbe chimen zansèt yo, ou mèt kontinye di sa. N ap fè w konnen kadinal, modèl sosyete ki pou ranje Ayiti a, edikasyon de grenn gòch fin kraze a, se nan Vodou a sèl yo ka jwenn li paske li se sèl relijyon ki chita sou respè, renmen, tolerans ak pataj.
Si ayisyen paka jwenn jistis ak bon wout politik Kadinal, sa se fòt pa w e ou gen kont pou rann nou paske depi 1860, se ou ki gen kontra ofisyèl edikasyon pèp ayisyen an nan men w e non sèlman yo peye w pou sa ou jwenn tout lòt avantaj yo. Kidonk moun ki ap vann jistis pa gwo mamit yo se sou ban lekòl ou yo sòti, tout moun ki ap dechèpiye peyi a, se enstriksyon pa w y ap swiv. Si jodi a kè w fè w mal pou wè nan ki eta echèk sistèm edikatif ou a mete peyi a, swiv egzamp nouvo Pap ou a, vin jwenn nou pou nou chita ansanm pou n refè nasyon an, men nou lonje ba ou tout tan an, prèt pou pran men pa w pou mennen peyi a pi lwen.
Lè w di si yon moun ta edike ak gen moyen lajan, li ta pito al kay doktè olye li al kay Houngan lè li malad. Vodouyizan yo ta renmen konnen ki konpleks ou soufri ki fè w pale konsa. Nou ta renmen konnen si w rive evalye byenfè medsin tradisyonèl la pote nan yon peyi kote se moun ki ap kouri dèye lasante olye se lasante ki mache al jwenn moun. Si pat gen doktè fèy, Manbo ak Hougan, ki jan moun ki pi pòv yo ta fè pou yo jwenn swen ? Pou zafè jistis la menm se gras a Bahoun Samdi ki fè peyi sa poko plonje nan yon lagè kote fre ap manje frè jan prensip relijye relijyon ki vini yo aprann fidèl yo.
Depi nou te tande anbasad meriken nan Pòtpprens te sòti estatistik tèt anba ki di 80 pou san popilasyonan se katolik epi ou vin repete nan entèvyou w la, nou te gentan konnen yo te ba w misyon pou koumanse katòzyèm dechoukaj sektè Vodou a. Men fwa sa a, farin nan pap vin nan menm sak. Dechoukaj la ap tout kote. Gwo manman pare pou zepina, zepina pare pou gwo manman tou. Si se konsa ou vle peye grad kadinal la, ou chire paske nou pap chita gade w.
Si ou wè nou pat janm reponn ak vyolans 13 dechoukaj yo nan fè vyolans tou, se paske nou menm vodouyizan nou toujou kwè, yon gè ki chita sou zafè kwayans nan mitan pitit pèp ayisyen an, pap pote anyen ki bon pou yon peyi tankou Ayiti ki deja frajil depi yo fin touye Lanperè. Menm jan ak mati nou yo: Makandal, Janbatis Viksama, Boukmann, Tousen Louvèti ak Janjak Desalin, nou te aksepte mouri pou kenbe ideyal Bwa Kay Iman an ki mande nou kenbe ekilib peyi a nan aksepte lòt la jan li ye a, pou bon jan viv ansanm. Si jodi a nou refize kontinye mouri se paske nou kwè moun mouri pa goumen. Ayiti bezwen tout pitit li pou l ka kontinye egziste. Vodouyizan antann rete vivan pou jwi privilèj ak byenfè lendepandans menm jan ak tout lòt ki vini yo.
Desalin te di nou, peyi nou Ayiti se tè libète, nenpòt moun kit li te blan, jòn, wouj oubyen nwa, kelke swa koulè je l ak tip cheve l, kenpòt jan li wè Bondye, depi l met pye l sou tè sa a, li lib. Se pou sa legliz ou a lib, lòt kilt yo tou, lib. Pou vodouyizan an, avan tout lòt bagay, nou se ayisyen dabò, pitit Ayiti Toma. Antanke ayisyen se devwa nou pou nou renmen Ayiti e menm si nou konnen w ap kimen lè ou tande sa, Ayiti pa lòt bagay ke Vodou.
Vodouyizan yo byen kontan ou konprann si se pat kout tanbou li yo, dans li yo ak chante Lwa yo, legliz ou a pa t ap egziste toujou. Konnen depi w bat tanbou, ou chante chante Lwa nou yo, n ap toujou la. Si ou pa vle fidèl yo vodouyizan pandan yo katolik oubyen hounsi yo katolik pandan yo vodouyizan, retire legliz ou yo sou bitasyon ak demanbre nou yo ou pran yo paske se la zansèt nou yo kite pou nou fè pelerinaj.
Nou rekonèt tout legliz katolik pa menm jan avè w paske ou konprann oumenm ou toujou nan 16zyèm sièk, ou poko ka jete frèt komandè esklav la. Nou rekonèt tou gen gwo jefò ki fèt nan legliz la pou kenbe amoni nan mitan relijyon yo e nou di Ayibobo pou nouvèl apwòch tèt legliz la genyen sou zafè viv ansanm kontrèman a oumenm.
Kadinal Langlois, n ap kite w pandan n ap fè, ou menm ak tout moun ki voye w yo sonje, rasin pye bwa libète nou te plante nan Bwa Kay Iman an, toujou vivan e yo anpil, flanm dife nou te limen pandan seremoni an, limen toujou nou tout badji, nan tout demanbre, nan tout bitasyon, nan tout lakou, nan tout Hounfò, nan tout kafou, nan tout simityè, nan tout granbwa, nan tout gran chimen, nan kè chak vodouyizan e ou pap janm ka etenn ni.
Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen
K.N.V.A
Port-au-Prince, Haïti
Tel: (509) 37 08 51 43 / 47 60 71 69
E-mail: knvahaiti@gmail.com
Euvonie Georges AUGUSTE
Gran Sèvitè
La Rédaction
Contact : actualites@haitinews2000.com
Discover more from Haitinews2000 | Haiti News - Nouvelle Haiti - Haiti Actualités Politiques
Subscribe to get the latest posts sent to your email.