Ekspresyon “Abolotyo” ak “Abolotyo Politik”

Ekspresyon “Abolotyo” ak “Abolotyo Politik”

Politolog, antreprenè epi secrete jeneral “Parti Politique Indigène”, Stanley Junior MESALIER” ekplike ki konpòtman “Abolotyo “ak “Abolotyo politik ” genyen, jedi 11 avril 2019 la nan yon tèks li te pibliye sou paj li sou facebook.


Politològ la ekri : “nan politik abolotcho a, se yon endividi ki san konviksyon epi K’ap chèche kote sa pi bon pou li kapab jwenn yon enterè materyèl tankou : pwodui alimantè, materyèl ak monnen”. Diri, mayi, pwa luil, machin, moto, fich gaz, lajan ak kèk lòt babay ki ka fè yo kontan pou yon ti tan.

Toujou prese, agresif, fè pwomès, plen w ak moun nan reyinyon ki toujou nan telefòn pou fè sanblan yo toujou okipe, san yo paka pran bon desizyon se konpòtman Abolotyo sila yo. Endividi sa yo pa rete kote’w pou anpil tan depi yo jwenn sa yo t’ap chèche a.


Moun sa yo dyakout yo chaje ak pwoblèm . “Sa’w pote” se teknik sa antreprenè Stanley Junior MESALIER itilize pou akeyi gwoup.


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks