Kriz Politik an Ayiti

Kriz Politik an Ayiti

Yon kriz se yon sitiyasyon kritik e enstab ki mete yon sosyete, yon òganis nan difikilte e ki anpeche bon jan desizyon pran pou pèmèt li fonksyone kòm sa dwa, paske gen kèk pati oubyen plizye lòt nou kapab rele aktè, ki pa vle antann yo sou pwoblèm ki poze a. 


Genyen plizyè kalite kriz ki egziste tankou : kriz politik, ekonomik ak kiltirèl si nou ta vle site sa yo selman paske gen lòt ankò. 

nan sitiyasyon kriz sa yo anpil aktè enplike swa pou alimante li, swa kap sibi li. 

Men genyen aktè ki konn jwe wòl prensipal nan alimante kriz la, gen lòt ki konn segondè. Nan tout aktè kap sibi kriz la, genyen ki konn kouri chape poul yo ale lòt kote, gen lòt ki konn rete konbat li. Pa bò isit, nan ka pa nou an nou ap sibi tout kriz yo ; politik, ekonomik, kiltirel, elatriye… 

Prensipal aktè nan kriz politik an Ayiti 

Se te toujou Leta ak enstans entènasyonal yo. pafwa se yon pwoblèm kominikasyon ki konn genyen ant Leta ak popilasyon an, pafwa se yon move pozisyon òganis entènasyonal yo konn pran, ki pa ale nan sans reyalite politik moman an. Sa konn pèmèt anpil fristrasyon nan mitan popilasyon an. 

Fristrasyon sa vin kreye enstabilite politik 

Enstabilite sa, tounen yon Bagay nòmal nan lavi chak grenn Ayisyen, chak fwa Leta pran yon move desizyon (desizyon ki pa ale nan sans popilasyon an), pèp la eseye akomode l ak sa,  nou lage kò nou nan : ”reziyasyon fè lòm”, ”pito nou lèd nou la”, sa vle di yo eseye pran fòm vaz la. egzanp : yo monte mi ak mete fè fòje nan kay yo, pou kapab jere pwoblèm ensekirite a. 

Nou menm dirijan politik yo, nou santi anpil fwa nou enpuisan nan jan de sitiyasyon sa yo, popilasyon an konn panse nou te kapab itilize yon mwayen FÒS “coercitif” kont pouvwa yo, nou konn panse sa tou, men nou konn prefere itilize lòt mwayen, paske vyolans = vyolans

Sitiyasyon sa genyen anpil Konsekans, 

nan sans sa, enstabilite a anjandre tout kalite pwoblèm nan sosyete a, tankou : pwoblèm ekonomik,  pwoblèm ensekirite,  pwoblèm ledikasyon,

Elatriye…  depi Peyi a pa genyen estabilite politik, ekonomi Peyi a pap ka estab, nou genyen pwoblèm lajan meriken an nan ekonomi Ayisyèn lan ki ap vale teren sou goud la akoz enflasyon an ki preske atenn 18  pousan, nan sitiyasyon sa wap jwenn anpil biznis ki pap ka rete ap mache ki pral oblije fèmen pòt yo, gen lòt ki pral kòmanse voye anpil anplwaye ale pou pèmèt yo reziste, ki pral fè plis chomaj toujou e si sitiyasyon an ret konsa yap rive nan moman kote yap fè fayit, lè sa biznis lan ap fèmen pòt li menm jan ak sa ki te fèmen avan yo. 

wap jwenn tou anpil dezobeyisans sivil kote pèp la pap dakò peye Leta taks ankò, sa pral debouche sou enkapasite Leta pou li Peye sèvis li kontrakte ak konpayi prive, ni peye anplaye Leta. Elatriye…

Kisa nou te kapab di ki lakoz enstabilite politik sa

Daprè travay an atelye nou te fè ak plizyè profesyonèl politik, nou te rive konprann se jan nou òganize eleksyon ak jan nou konprann Chèf an Ayiti ki lakoz pwoblèm enstabilite nou yo, dabò nou konprann se pa eleksyon vre ki bay pouvwa, nou panse se yon ti gwoup moun ki genyen lajan ki deside e nou dakò ak sa.


Epi, nou konprann yon prezidan se papa oubyen manman nou, oubyen Jezikris ki pral delivre nou.

Nou pa janm wè yon prezidan kòm yon figi anblematik ki responsab tout zak li, nou prè pou nou mande chans pou li, pou tout sal fè si dègwoup ta deside leve kont li, nou konprann prezidan gen dwa : di sa li vle, fè sa li vle jan li pito san li pa gen kont pou li rann ak pèsòn (tankou, jan anpil nan nou konn ap di ; si ou te bon konsa ou ta prezidan) nan yon pèsepsyon konsa, sa vin lakòz tout fonksyonè Leta yo kache nan lonbraj prezidan an pou yo regle zafè pèsonèl yo nan Leta, sa lakòz gwo fristrasyon nan mitan popilasyon an, paske Leta paka reponn ak sèvis li pou popilasyon an.

Kriz politik an Ayiti depi sou “Toussaint Louverture”, ki tap eseye kreye Repiblik la te pèdi lavi li, rive sou “Jovenel Moise” ki an plas kounye a. Nou toujou konstate aktè sila yo ki rele Leta ak enstans entènasyonal yo toujou enplike : se swa se anndan Leta menm, ki ap alimante kriz yo ak swadizan zanmi Ayiti yo (ki reprezante pa enstans entènasyonal ),  oubyen se zanmi Ayiti yo, ki ap chache alimante kriz la ak gwoup ki anndan Leta a.

Sa nou tout, Pèp Ayisyen  dwe konprann,  se sèl nou menm ki responsab Peyi nou, nou dwe chache defini kisa ki ap bon pou nou menm ak pitit nou. map raple nou : kriz se moman pou nou deside kisa nou vle tout bon e tou chanje sak pou chanje pou nou ka viv pi byen.

Pa panse Peyi a fini pou nou, pa panse nou

pap ka viv ladanl ankò, 

O kontrè se chache mwayen pou nou pran kontròl li e konstwi li pou li ka retounen janl te ye oubyen meyè pou nou menm ak tout Ayisyen. 

Nan moman kriz sa, se *Pitit Tè a kap pote Laviktwa*

Stanley J. Mésalier S.N PPI / sitoyen Ayisyen



La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks