King T-Zoe, yon rapè ki ap rap pou li ede sa ki pa kapab yo

King T-Zoe, yon rapè ki ap rap pou li ede sa ki pa kapab yo

Li ap evolye nan peyi Etazini, vrè non li se Rolsky Pompilus, men non atis li se KING T-ZOE, li ap travay di pou kounya la, pou li sòti yon albòm ki ap gen 12 mizik, albom sa ap rele « La Tortue Bound ».


Rolsky Pompilus oubyen KING T-ZOE toujou pale de vil li te sòti an nan tout mizik li fè. « LA TORTUE », se la kòd lonbrik li antere. Atis pa janm kache lanmou li genyen pou ti moun, sitou sila yo ki ap viv move lavi nan peyi Ayiti ak si la ki ap viv La Tortue. Atis lan jwenn sipò madanm li, Shimania Alexis, pou l ka gen bon karyè nan rap epi pou li ka kontinye ede sa ki pi mal yo.


AYITI, LA TORTUE BOUND 2, LÒT NIVO, se 3 mizik sa yo ki anonse albòm li gen pou mete deyò a. Atis la ansanm ak gwoup mizik li an : PAPRESE NATION chante pou mete la jwa nan kè tout moun, yo chante pou simen lespwa epi pou preche lanmou.


Rèv KING T-ZOE se wè vil li fèt la, ki se LA TORTUE, pran chimen devlopman. Nan sans sa, atis la ak tout madanm li konte vini Ayiti pou ale LA TORTUE pa twò lontan nan lide pou yo òganize yon fèt pou tout ti moun zòn lan.


Yon lòt bò, atis la kritike gouvènman yo ki pa janm fè anyen pou wè si zile a ta pran wout devlopman. Si se pat efò moun ki nan dyaspora te fè, LA TORTUE tap gentan pa egziste.


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks