NÒT POU LAPRES : PATI POLITIK ENDIJEN egzije depa prezidan Jovenel Moise prese prese

NÒT POU LAPRES : PATI POLITIK ENDIJEN egzije depa prezidan Jovenel Moise prese prese

Nan kad Pwotestasyon popilè ki tabli nan tout peyi a, nap felisite pèp ayisyen an, sitou «Petro Challengers yo» ki ap mennnen yon konba demokratik, pou egzije pwosè fèt sou dosye lajan petrokaribe a, an menm tan ki ap egzije demisyon prezidan repiblik la.


Nap prezante kòdoleyans ak fanmi 17 moun ki mouri ak plizyè lòt ki blese pa bal nan moman pwotestasyon popilè sa. Espesyalman fanmi militan INDIGÈNE yo, ki ap goumen pou egzije chanjman nan lavi yo.

Nap konpati ak fanmi Pétion Rospide, yon gran jounalis profesyonèl ki tap fè yon travay eksepsyonèl nan laprès ayisyèn lan, akonpanye ak ekip jounal Radio sans fin ‘RSF’ ki pèdi lavi li pandan li te sot fè travay li.

Nap salye kouraj laprès an jeneral ki kontinye fè gwo jefò pou kenbe pèp la enfòme.

Nan menm moman sa, nap salye epitou pataje regrè nou ak staff Radio Ginen an ki pèdi anpil materyèl woulan, nan kad atak yo te sibi jou ki te lendi 10 Jen 2019 lan.

Ekip jèn fanm ak gason ki konprann nesesite pou popilasyon an byen fòme tèt li, pou li kapab byen patisipe nan lavi politik peyi an, sa ki gen rapò ak kondisyon lap viv ak fanmi li ak sitwayen parèy li ki se Pati Politik INDIGÈNE,  konstate:

  • lespwa kaba,

Pati politik INDIGENE fini pa konprann, Prezidan Jovenel Moise pap janm kapab fè pati solisyon pwoblèm politik sa, ki se premye pa pou kapab kreye travay ak richès nan peyi a epitou fe lespwa donnen

Nan sitiyasyon sa, INDIGENE ekzije demisyon prezidan Jovenel Moise san bri san kont, san kondisyon.


Pou asire direksyon peyi a epitou reyalize pwosè Petro-Karibe a, nou rekòmande: Yon Jij kou kasasyon kòm prezidan pwovizwa pou rès 2 lane manda ansyen prezidan Jovenel Moise la, ki ap la pou kore Peyi dAyiti. Nap akonpanye ak ankouraje sosyete a pou nou ta fè chwa yon fanm kise senbòl lavi ak aspire konfyans, nan sitiyasyon sa.

 L’ap genyen pou li ranpli 4 misyon :

Jij sa ap gen pou mete sou pye yon gouvènman ki ap genyen ladan’l ; fanm ak gason ki pa gen anyen pou wè nan move jesyon lajan Petro-karibe, lajan koperativ, lajan ONA, ak tout lòt lajan ki gagote sou do Peyi a.

Nou menm pitit tè a, nap di ak Pèp Ayisyèn nan, nan moman kriz sa, nou dwe pran responsabilite nou, pou nou kapab jwenn bout sitiyasyon sa, san pa genyen plis pèt.

Nou dwe re-aprann fè moun ki onèt, konpetan, kredib yo konfyans paske se yo menm ki gen kalite pou dirije nou. Sispan pran nan bèl pawòl ann kwè nan aksyon.

Pa bliye avni timoun yo demen,  depann de nou menm jodi a

Ann sispann tann, ann aji !

Stanley Junior Mésalier

Secrétaire général du Parti Politique INDIGÈNE



La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks