RECIPROC kondane zak vyolans ki ap fèt tout kote nan peyi a, pandan li envite tout konsène yo pran chimen dialog pou rezoud kriz la

RECIPROC kondane zak vyolans ki ap fèt tout kote nan peyi a, pandan li envite tout konsène yo pran chimen dialog pou rezoud kriz la

NOT POU LAPRÈS –  Rezo sivik pou pwomosyon sitwayen yo (RECIPROK) ap salye tout pèp ayisyen an, fanm kon gason, nan tout 10 depatman peyi a. Rezo a ap pwofite koube li byen ba devan tout moun Ki viktim nan kad lit yap mennen pou jwenn yon lavi miyò ak yon lòt Ayiti sitou sila yo Ki tonbe anba bal nan manifestasyon pandan 2 dènye mwa Sa yo.

RECIPROC ap konstate sitiyasyon ekonimik, sosyal ak politik difisil peyi a ap travèse, sitiyasyon Ki lakòz manifestasyon ap fèt tribò pabò nan peyi a, kote moun yo ap mande yon chanjman nan peyi a pou tout moun ka viv mye.

Pwotestasyon kap fèt toupatou ak vyolans lakòz Ti machan n pa kapab ale nan mache, lekòl paka louvri, lopital paka fonksyone, tout biznis rete fèmen, transpò piblik la paralize kote gwo barikad monte nan anpil ri nan gran Vil peyi a ak tout wout nasyonal nou yo. Kriz sa bay yon gou anmè lakay chak grenn Ayisyen kap viv moman tris sa ak anpil dekourajman. RECIPROC rekonèt revandikasyon pèp la jis, lè lap mande yon lavi miyò, yon chanjman nan fason peyi a ap gouvène pandan l kondane tout zak vyolans kap fèt toupatou nan peyi a sou vi ak byen moun.

Manifestasyon Se yon dwa Ki garanti nan konstitisyon an men tou lalwa trase limit kijan pousa fèt. Lapolis kila pou pwoteje ak sèvi dwe pran responsablite l pou asire Sekirite chak grenn sitwayen kit li nan manifestasyon kit li pa nan manifestasyon, kit li se patizan opozisyon kit li se patizan pouvwa, pliske nou tout gen yon peyi poun sove. RECIPROC ap lanse yon apèl patriyotik ak chak grenn sitwayen konsekan pou konbat ak tout fòs yo sistèm peze souse sa, sistèm tout pou yo, anyen pou pèp la, sistèm Ki pèmèt yon ti minorite zwit konwole tout richès peyi a.

Sistèm eksklizyon sa Ki mete majorite a ajenou, Ki redwi l nan malsite ak povrete. Rezo a ap leve vwa li pou mande opozisyon an ak pròch kolaboratè Prezidan Jovenel Moise, pou yo sispann aji nan enterè Ti klan yo, men pou yo pran konsyans de sitiyasyon kritik sa peyi a ap fè fas la. Yon Sitiyasyon katastwofik ki fè nou pèdi tout sansibile nou te genyen, li fè nou bliye kalamite prizonye ap viv nan prizon yo, fanm ansent Ki pabab jwenn swen, manman ak papa pitit Ki pa konnen Ki sen pou yo rele.

RECIPROC ap pwofite mande otorite Ki nan piwo nivo LETA pou yo pran tout dispozisyon prese prese pou pèmèt yon Chita tande, zye nan zye ak tout sektè ki konsènen ansanm ak opozisyon an nan enterè peyi a poun jwenn solisyon ak kriz kap toupizi peyi a depi plis pase yon lane. Viv Ayiti. Viv linite. Viv rekonsilyasyon


Discover more from Haitinews2000 | Haiti News - Nouvelle Haiti - Haiti Actualités Politiques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com

Discover more from Haitinews2000 | Haiti News - Nouvelle Haiti - Haiti Actualités Politiques

Subscribe now to keep reading and get access to the full archive.

Continue reading