« 17 OKTÒB : 200 LANE DEPI JANRABÈL AK BONBAD TE KREYE », une note du sénateur Kedlaire Augustin

« 17 OKTÒB : 200 LANE DEPI JANRABÈL AK BONBAD TE KREYE », une note du sénateur Kedlaire Augustin

17 oktòb 2021 sa fè 215 lane depi yo te asasine Desalin, papa nasyon an. Men 17 oktòb 1821 se te kreyasyon 2 komin nan rejyon Kapwa lamò a ki se Janrabèl ak Bonbadopolis. Nan sikonstans sa a, senatè AUGUSTIN renouvle detèminasyonl poul toujou defann depatman, patikilyèman ba Nòdwès leta toujou pi meprize.

Pandan lap salye jefò prezidan Jovenel ki mete men nan mòn chen ak nan wout Janrabèl – Kòt de fè, biwo a ap raple ke senatè AUGUSTIN pat janm rate okazyon pou mande leta voye je sou mòn chen, wout Katinèt ak wout Pòdepè – Janrabèl la. Li te mete yon plas piblik nan plas mache a nan bidjè 2017 la. Li mete yon mache ki ta dwe yon lòt kote. Li te vini nan Janrabèl ak 2 lòt senatè yo pou bouste pwojè kreyasyon yon sikisal BNC ki tap itil tout awondisman. Malerezman yo pa ekzekite.

Antanke youn nan kandida ki fè plis vwa nan eleksyon nan ba Nòdwès, Senatè AUGUSTIN te kwè li enpòtan poul remèsye moun Janrabèl ak yon pwojè betonaj ri Senjan ak yon pati nan ri Masèl Kònèy kòm premye aksyon serye ki poze nan komin lan, gras a 10 milyon goud ki te alwe a chak senatè pou fè pwojè nan depatman yo. 

Tout moun ki te goumen pou senatè AUGUSTIN dwe fyè de vòt yo a paske senatè a toujou prezan nan tout aktivite komin lan,tankou aktivite kiltirèl: konkou chante, chanpyona foutbòl, etc. Li sipòte aktivite sa yo tou nan Bonbad ak prèske nan tout komin nan depatman. Aktyèlman, senatè a bay meri Bonbad gwo bourad nan konstriksyon yon anga pou machann yo,li pako fini. Li ede yon sant kiltirèl nan soval ak kouran, li bay kontribisyon pou reparasyon legliz la tou, san bliye katedral nan bouk la li te bay siman. 

Nan zafè wout menm li bay bourad nan wout Loubye, lap tann direktè TPTC poul fè menm bagay la pou wout Ginode a. Pou moun bodmè Janrabèl, senatè a voye kòb bay ekip teren li pou ede yo fini ti repozwa ki se sèl kote yo ap ka pare solèy ak lapli lè gen yon aktivite.

Pandan senatè a ap panse a militan li yo nan moman fèt la, li pa bliye katèl CASEC yo ki gen plis ke 15 mwa san touche. Se pa premye fwa senatè a ap ede yo. Li ede menm CASEC ki pa sou menm pati ak li. Se yon lòt vizyon, yon lòt mantalite de leta ak devlopman yon peyi. Li pa posib pou bisantnè kreyasyon yon komin pou pi gwo otorite nan seksyon yo pa menm ka monte chodyè lakay yo, pandan yo se eli menm jan ak tout otorite e je tout popilasyon an fikse sou yo. Politik modèn sa yo gen yon pri pou peye pou yo. Senatè AUGUSTIN kòmanse peye pou sa, men li pap alinyel sou politik tradisyonèl sa ki pako dakò wòl yon senatè se defann pèp ki te votel epi sipòte CASEC, Majistra ak DEPITE nan demach ak aktivite yo ap antreprann olye ou bare yo pou yo ka echwe.

Bòn fèt moun Bonbad ak moun Janrabèl!

Nou konn kote nou soti,nou konn kote nou ye, nou konn kote nou pwale.

Bureau du sénateur Kedlaire Augustin


Haitinews2000

Enable Notifications OK No thanks