Komite Inisyasyon Akò Final Vètyè a mande Aktè ki al patisipe nan Somè a respekte pwobite entelektyèl Akò Final Vètyè a

Komite Inisyasyon Akò Final Vètyè a mande Aktè ki al patisipe nan Somè a respekte pwobite entelektyèl Akò Final Vètyè a

Komite Inisyasyon Akò Final Vètyè (KIAFV) ap enfòme pèp ayisyen an an jeneral ak laprès an Patikilye chita pale Pwotokòl Antant Nasyonal (PEN) ak Akò Montana ki abouti ak dokiman konsansis politik ki prevwa fòmasyon yon konsèy gouvènans pou senbolize la prezidans ak yon kabinè ministeryèl se premye pwen nan Akò Final Vètyè a.

Toujou nan lide pou kreye kondisyon pou yon aji kolektif ak siyatè diferan Akò politik yo, yon komite  deside òganize yon Somè Istorik Entènasyonal Inite Ayisyèn, nan vil Lwizyàn, nan peyi Etazini soti 13 pou rive 19 Janvye 2022, kote objektif somè sa a se egalman objektif prensipal dokiman Akò Final Vètyè ki se fizyònman tout lòt Akò politik yo pou yon solisyon dirab nan kriz sosyo politik peyi dayiti twouvel depi aprè sasinay Papa nan chon an Anperè Jean Jacques DESSALINES.

Nan sans sa a, Komite Inisyasyon Akò Final Vètyè envite tout aktè yo aji menm jan ak zansèt nou yo, retounen nan istwa nou poun sove peyi a, pandan komite a pwofite mande aktè yo respekte pwobite entelektyèl Akò Final Vètyè a.

‘’Mennen koulèv la lekòl se youn, fèl chita se 2 !’’

Viv Ayiti !

Viv aplikasyon Akò Final Vètyè pou yon solisyon dirab ak kriz peyi a !

                                                                                                                      Leyogàn, le 13 Janvye 2022

Pou otantifikasyon : 

Jean Chenet ULYSSE                                                                                        Jean Chrisnel DECIME 

(509) 4183 9811 / 4458 0309                                                                     (509)  4843 5398 / 3364 5398

Guiteau FRANÇOIS                                                                                                   Vivianne GAUTHIER

(509)3731 2341 / 3231 3737                                                                                          (509) 40328388


Haitinews2000

Enable Notifications OK No thanks