Valéry Coquillon ekri ansyen senatè Steven Benoit yon lèt tou louvri

Valéry Coquillon ekri ansyen senatè Steven Benoit yon lèt tou louvri

Petyonvil, madi 18 janvye 2022

Lèt tou louvri pou Senatè Steven Irvenson BENOÎT

Mouche Senatè,

Avan m rantre sou rezon ki pouse m ekri w lèt sila a, pèmèt mwen remèsye w pou tout sèvis ou rann peyi a epi tou felisite w pou bèl pasaj ou nan palman ayisyen an antanke Depite ak Senatè. Nan je pa m, ou se youn nan pi bon palmantè peyi a pase.

Mwen santi nesesite pou m fè w konnen tou ou te toujou yon egzanp pozitif pou mwen lè m te nan palman jenès kòm Jèn Depite (2011) Kotdefè aprè kòm Jèn Senatè(2016) Sidès. Mwen te toujou vle sanble avè w kòm palmantè paske mwen te konstate ou te souvan gen menm diskou a ni lè w devan kamera ni lè pa gen kamera.

Mwen pa vle rate okazyon sa pou m pa di w jan mwen repwoche w paske w pa t gen kouraj pou kandida pou pòs prezidan an 2010 alòske tout peyi a t ap tann ou sèlman di wi pou yo vote w. Se domaj, aprè mwen te tande w sou on radyo k ap eksplike ou pa t pare pou prezidan peyi a. Kòmkidire nan tèt pa w te gen yon chema tou fèt kote w t ap soti depite epi pase nan sena a pou rive prezidan. Yon gwo erè yon nonm tankou w pa ta dwe fè paske ou dwe konnen nan politik gen sa yo rele « moman pa w la”. Depi l pase ou dòmi deyò. Jiskaprezan, mwen panse si w te kandida, ou t ap bon e nou pa t ap
pran anba PHTK.

Nan lide pou n pa pale anpil, mwen ekri w lèt tou louvri sila a pou m di w jan m santi m desi de ou paske Senatè Benoît mwen gen nan tèt mwen an p ap asepte kite yon gwoup moun ap itilize l konsa.

Pou moun ki pa konprann sa m ap di a : Jou lendi ki te 17 janvye a, fowòm politik nan « Akò Montana » te reyini pou chwazi kandida l ap voye nan Konsèy Nasyonal Tranzisyon an. Kòm fowòm lan te monte yon komisyon pou resevwa kandidati pou pòs prezidan ak premye minis yo, yo te mande pou tout moun k ap kandida vini oswa voye yon reprezantan pou vin deklare kandidati l epi pou fowòm politik la valide l apre pou kandida sa yo al depoze pyès yo nan Biwo Swivi Akò a anvan katrè aprèmidi.

Mouche Senatè, pèmèt mwen raple w lè biwo fowòm lan te site non w epi mande pandan plis pase 3 fwa si w la oswa yon reprezantan w pou deklare w ap kandida, pèsonn pa t reponn. Sa ki vle di ou pa kandida nan kad akò Montana a paske si w t ap kandida fòk ou ta deklare sa devan fowòm politik la ki gen otorite pou deziye w. Kidonk, mwen sezi tande e mwen espere se yon rimè, ou depoze dosye w kòm kandida pou pòs Premye Minis.

Anplis, lè BSA a te adopte desizyon pou chak sektè voye 4 kandida (2 pou prezidan,2 pou premye minis) nan yon reyinyon ki te fèt nan otèl Ritz Kinam 2, ou te la Senatè e ou te dakò ak sa. Lè sa a ou te sèlman gen de prewokipasyon sou kritè pou moun ka kandida yo. Kòman li posib kounya a pou kite y ap site non w kòm 3zyèm kandida PM?

Pou m fini, mwen priye w an gras Senatè, si se ta vre, ou twò gran pou ta asepte sa k ap fèt la. Gen twòp moun ki kwè nan ou e ki renmen w pou fè yo sa. Mwen ankouraje w toujou ret moun ou te ye a senatè, puiske pa gen okenn sektè ki chwazi w, si w te depoze dosye vre
al pran yo.

Jenès la ki vle fè politik isit pa gen twòp modèl, tanpri pa fè pèp ayisyen an sa e pa al blaze tèt ou konsa Senatè. Ou pa kandida, ou pa ka depoze dosye !

Pandan m ap raple w tout respè m gen pou ou, mwen vle w konnen mwen toujou kwè w fè pati de politisyen peyi a ka toujou konte sou yo pou serye ou.

Lizay Senatè !

Valéry COQUILLON, Sitwayen angaje nan batay pou byennèt kolektif, Pòtpawòl PLATFÒM NOUVÈL AYITI epi manm fowòm politik pati siyatè akò Montana a.


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks