Ayiti : Motè rechèch « Google » an kreyòl ayisyen

Ayiti : Motè rechèch « Google » an kreyòl ayisyen

Depi moun ap poze pwoblèm devlopman yon kominote osinon yon peyi, kesyon ekonomik ak kesyon enfrastikti toujou jwe yon wòl fondamantal. Sa konn fè nou gen tandans bliye yon seri valè, yon seri abitid ki pral fè developman pote mak fabrik kominote sa a n ap pale a.

Okenn peyi paka fè pwogrè pandan li ap meprize idantite li kidonk gen yon konfyolo byen monte ant devlopman ak kilti moun nou vle devlope a ; e lang se youn nan pi gwo espresyon kiltirèl yon pèp. Li charye fason moun yo wè lavi yo, se li menm ki entèprete lavi moun chak jou sou latè.

Ann Ayiti move prejije nou devlope fè nou toujou imilye pwòp tèt nou, nou toujou meprize tout sa ki mare nou ansanm epi ki kapab simante nou pi plis kòm yon nasyon.

Anpil fwa, sa nou neglije lakay nou  atire atansyon moun nan peyi etranje, kòm kwa ki dire nou tounen mò ki pa konn pri dra blan. Se konsa depi kèk tan motè rechèch « Google » chwazi prezante endikasyon paj li yo an kreyòl ayisyen, sa ki fè nenpot moun, nenpot ki kote sou latè kapab li yon seri detay an kreyòl tankou sa fèt ann angle, an franse an panyòl…

Se yon jefò anpil ayisyen ankouraje ki montre pou yon lòt fwa se moun ki abitye bay tèt yo limit, men lang se yon sistèm kominikasyon san limit, posiblite li ofri depase lontan sa lespri moun ta ka imajine.

Fè kreyòl jwe wòl nan teknoliji kominikasyon enpòtan anpil, non selman se yon pwomosyon lang nan ap pran pami lang komèsyal yo, men tou, sa kapab mete kreyòl la nan sitiyasyon pou li devlope selon règ mòfòlojik pa li, yon leksik ki ambrase gwo devlopman kap fèt nan kesyon enfomatik pa egzanp.

Sepandan, li regretan lè nou konstate pa gen okenn jefò politik ki fèt pou pwomosyon pou sèl lang « ki simante tout ayisyen tout bon vre ». yon lòt fwa ankò se etranje ki ap fè nou apresye sa ki lakay nou pandan nou voye li jete pou bagay ki san valè.

Nan seri brase lide kap fèt pou mete peyi a kanpe sou de pye li lè pou nou entegre kesyon lang nan ladan li, li lè pou nou ensiste sou pwoblèm kilti peyi nou, li lè pou mèt kò veye kò. / Dosye : Carl Max stevens Desir


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.

Enable Notifications OK No thanks