Dosye 800 peso, yon kansè pou etidyan ayisyen nan Sen Domeng

Depi mwa fevriye 2012, etidyan ayisyen kap viv nan peyi Ladominikani ap soufri ak yon maladi Kanse ki sanble ki pa ka trete akoz enkonpetans doktè kap swiv maladi sa a. Sa fè egzateman yon lane ak yon mwa depi gouvènman dominiken soti yon kominike ak signati direktè adjwen Direksyon General Migrasyon  kote li fè konnen ke tout etranje ki pase plis ke 30 jou nan peyi Ladominikani ap gen pou peye yon amand ki gen pou tarif soti 800 pase nan1000 pou rive nan 17000 peso selon kantite tan moun nan pase nan peyi a menm lè ,oun sa a gen viza.

Desizyon sa a pa egzante etidyan Ayisyen kap viv nan peyi a, yo menm ki daprè prensip inivesite yo, ki gen vakans chak 3 oubyen 4 mwa. Sa ki fe chak le gen vakans etidyan yo toujou gen yon 1000 o 2000 peso pou yo peye le yo pral  wè fanmi yo nan peyi Dayiti.  E si yo p ata gen lajan sa a, leta dominiken kenbe paspò yo pou fose yo cheche lajan toupatou pou kapab retire paspò a.

Yon sitiyasyon ki konplike pou majorite etidyan ki nan peyi sa a. Gouveneman ayisyen pa janm reyaji pou l di yon pou mo, anbasadè ayisyen nan peyi Ladominikani  ki se Dr. Fritz Cineas, ta sanble pa janm resevwa okenn lòd pou pale sou dousye sa a, sa ki fe li prefere bay etidyan yo manti chak fwa li gen reyinyon ak yo. Selon anpli lobsevatè kap swiv dosye etidyan yo de prè, yo ta fè konprann ke leta ayisyen ta sanble nan konplo pou fe plis lajan sou do pitit malerèz sa yo kap etidye nan peyi a Ladominikani, sa ki ta sanble ak yon verite lèn gade jan depite Jean Thobert Alexis, ex ministre Daniel Sipplice ak anbasadè F. Cineas trete  dosye sila a.




Fòk nou few konnen tou ke anbasad ayisyen an ki nan Sen Domeng sanble ak yon group ki san lide paske tout sa ki gen pou wè ak enfomasyon ke anploye ta sipoze konnen anbasadè a pa jam fe mesaj yo pase sa ki lakoz ke anploye ak diplomat  yo pa konn kijan pou yo travay e pa jan gen bon resilta kidonk se yon group kap  jwe ak enstriman dezakòde. Yon egzanp ki klè ke tout moun kapab wè se nan zafe 800 peso a kote Dr. Cineas te fè konprann ke li rezoud poutan lè etidyan yo konsilte responsab sevis etidyan ak responsab sèvis kiltirèl nan anbasad la yo youn  pat gen enfomasyon sou ka sa a. Sa vle di se yon anbasadè kote menm pwòp anplwaye pa gen dwa ak bon jan lenfomasyon sou yon dosye ki si enpotan.

Kanse 800 peso preske rive nan stad timè telman li grav men doktè prefere chita nan lopital ap bay blag, tchat, voye mesaj sou BBM poutan malad yo ap oufri.

Se yon sitiyasyon ki konplike anpil pou lajan taks nou ap peye yon pakèt moun ki pa gen konsyans profesyonèl malgre nou konnen gen anpil ladan yo ki pa vo merite pos yap okipe a, men kom Ayiti se yon sinema kotew we tout kalite fim, nou oblije pran konsa pou kounye a. San no upa bliye gen anpil anplwaye nan anbasad la ki vle travay pou defann koz etidyan men helas!! se pa yon gran chef, senatè oswa depite ki te mete yo, yo oblije mete dwèt sou bouch sinon yo riske tounen nan mache chomeko a.

Pandan sa a etidyan ap soufri dosye  800 peso a ap fe  ravaj men pa gen okenn otorite ki pote yo sekou paske  se pitit peyizan  kap etidye Sen Domeng, fe yo peye 800 peso se yon fason pou yo di piti peyisan pa dwe resevwa bonjan edikasyon.

Diplomat Ayisyen ki nan Sen Domeng wè enterè Dominiken anvan enterè kominote ayisyèn nan. Yo menm fe konnen ke kominote ayisyen ki nan Sen Domeng pa twò enpotan, malgre kantite etidyan, atisan ak pwofesyonel ki nan kominote a.

Antouka kanse 800 peso a dejenere pandan otirite nou yo ap kontinye pase etidyan yo nan betiz chak jou Bondye mete.

Redaktè: Midson Jean Batard (@Haiti2035)


Discover more from Haitinews2000 | Haiti News - Nouvelle Haiti - Haiti Actualités Politiques

Subscribe to get the latest posts sent to your email.

La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com

Leave a Reply

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.

Discover more from Haitinews2000 | Haiti News - Nouvelle Haiti - Haiti Actualités Politiques

Subscribe now to keep reading and get access to the full archive.

Continue reading