Pou nou pa fè fou tèt cho…

Pou nou pa fè fou tèt cho…

Se pa ti kontan peyi Dayiti kontan aprè kokenchenn lobèy ti mesye jwè foutbòl yo sot fè nan peyi Brezil jou madi 11 jen 2013 la, lè yo kase met nan men peyi Litali, gran pwisans mondyal nan zafè foutbòl.

M ap raple pou tout moun match foutbòl la fini 2 gòl nan chak kan. Depi nan 25è segond Itali te gentan koke nan gòj Ayiti yon grenn gòl. Chanpyon dimond 2006 yo ta pral make yon 2è gòl ankò pou mennen 2 zewo sou Ayiti. Ti mesye foutbolè ayisyen yo, ki gen ti jwèt non grenadye pat janm fatige marye jwèt yo, ale alaso, pou jwenn efikasite, jiskaske yo rive mete match la 2 a 1 sou yon pennalite Olrich Sorel, epi nan fen match la, Peguero Jean Philippe egalize.

Peyi kraze…Italyen men nan bouch.

Nan samdi 9 jen 2013 la, Ayiti te fè yon bèl prestasyon devan peyi Lespay…Nou konn sa l ye deja.

Anpil felisitasyon, laprès entènasyonal venere konpòtman ekip la ki koke nan gòch 2 kokennchenn nasyon foutbòl sa yo. Gen konpatriyòt ki gentan ap di yo bezwen bat peyi Lajantin, Almay ak Brezil. Yo gentan bilye sa pa gen lontan, Repiblik Dominikèn re pase nou 3 a 1. Yon lòt fwa ankò, li enpòtan pou tout ayisyen tounen sou tè, pou konprann pa gen chans nan kesyon espò. Peyi sa yo ki gen tout bon rezilta sa yo pou kounye a  ap rekòlte sa yo te simen plizyè lane anvan.

Si pou moman sa, nan foutbòl la se Lespay k ap pawaze, tout moun ka konprann kalte envestisman ki te fèt nan enfrastrikti espò nan peyi sa, nan envestisman nan lajenès, nan jwenn bon jan kad pou swiv atlèt yo.

Jiska prezan, pyès moun pa ka di ki rezilta  nou jwenn nan operasyon 2006 la.  Pyès moun pa ka di eske operasyon 2018 la ap kontinye. Se pa premye fwa Ayiti fè gwo jefò nan kesyon foutbòl. Men apresa, NADA.

N ap sonje apre nou fin chanpyon nan koup Karayib la nan lane 2007. Se yon tipeyi foutbòl ki ta pral elimine nou nan Gòl Kèp. Pou nou pa peze abse a, se yon ti peyi, Antigwa, ane sa ankò ki koupe lespwa nou nan eliminatwa koupdimonn 2014 nan peyi Brezil.

Sa rèd !!

Eske se nou k ap fè bak nan foutbòl la oswa se ti peyi yo ki double nou paske n ap mache tankou tòti.

Menm pwoblèm yo la toujou. Pèsonn p ap etone si yon semenn anvan Gòlkèp la, n ap tande prezidan federasyon an k ap plenyen pou lajan yo pa jwenn pou fè vwayaj la. Pèsonn p ap etone si jwè yo deside fè grèv paske yo pa jwenn prim. Pèsonn pa etone non plis pou wè kalte lajan k ap pèdi nan chanpyona kowoperatif nan peyi a, alòske atlèt nou yo, k ap reprezante peyi a nan chanpyona ki gen nen nan figi yo sou plan entènasyonal ap mouri grangou, epi pa jwenn pyès sipò.

Peyi Dayiti dwe pran men l. Pa gad sou 2 grenn match foutbòl sa yo pou nou di nou rive, nou kanaran. Kanaran lwen toujou. Nou toujou nan dezè a.

Dosye : Jethro J. Sereme


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.

Enable Notifications OK No thanks