Poukisa manm Konsèy Nasyonal  Tranzisyon (KNT) an dwe vote Senbòl Koupe fache an pou vin Premye Minis nan kad Akò Montana ?

Poukisa manm Konsèy Nasyonal  Tranzisyon (KNT) an dwe vote Senbòl Koupe fache an pou vin Premye Minis nan kad Akò Montana ?

Pi gwo mak fabrik Akò Montana a se koupe fache. Koupe fache ak koripsyon, ak move gouvènans, ak enjerans, ak banditis e ak esklizyon. Nan momentum istorik nou ye la a, nou gen yon dèt anvè sosyete an e anvè jenerasyon k ap vini yo. Moman sa a se moman depasman, moman pou n fè apèl ak lespri patriyotik e ak lespri abnegasyon. Menm jan zansèt nou yo te bliye e menm efase tout mezantant yo e fè yon sèl pou yo te ka  kite bout tè sa a pou nou, nou bezwen fè menm bagay lan pou wete Ayiti nan katchouboumbe li ye jodi an. Nou dwe vote pou ripti an fèt tout bon vre fwa sa a.

Si sosyete ayisyèn lan rive fè pwogrè nan koze  dwa sivil ak politik yo aprè 1986, li fè envès la pou dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl yo. Lè w ap gad statistik yo, se rèl kay makorèl. Dis dènye ane sa yo menm, se klou ki ajoute sou absè. Selon yon rapò mondyal sou endis pèsepsyon koripsyon ONG Transparency International te pibliye nan dat madi 25 janvye 2022, Ayiti te 164 triyèm sou 184 peyi. Gen rechèch syantifik ki fèt ki montre koripsyon se yon fren pou pwogrè ekonomik ak sosyal yon peyi. Yon ekonomis ameriken tankou Paolo Mauro montre koripsyon diminye envestisman nan yon peyi e l antrave kwasans ekonomik li.

Tout peyi ki vle pwogrese envesti nan moun anpil. Pou mezire oubyen kontwole envestisman sila a, Nasyonzini envante yon mezi ki rele Endis devlopman moun (Indicateur de développement humain nan lang franse). Endis sila a chita a sou twa wòch dife ki se nivo vi moun yo, edikasyon moun yo ak esperans lavi yo. Nan ka pa Ayiti an, endis devlopman moun lan te 0,498 konparativman ak mwayèn rejyonal pou Amerik Latin ak Karayib lan ki se 0,758 nan lane 2019.

Poutan nan yon rapò Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (ki gen pou sig PNUD nan lang franse) te pibliye 15 desanm 2020, pou devlopman moun (développement humain nan lang franse), Ayiti te 170 zyèm sou 189 peyi. Ayiti te gen yon endis 0,510 sou 1. Sa ki te mete l nan menm pozisyon ak peyi Soudan.  

PIB an (Produit Intérieur Brut nan lang franse) se yon endis ekonomik ki pèmèt yo konnen kantite byen oubyen kantite richès ki pwodwi anndan yon peyi pou yon lane. Nan yon atik ekonomis Daniel Dorsainvil pibliye nan jounal Nouvelis ki rele : Haïti : Le produit intérieur brut par habitant de 2021 est inférieur à celui de 1945, li fè konnen PIB pou chak grenn moun pou lane 2021 an pi ba ke sa 1945 lan jan tit atik li an  mansyone sa a. Selon ekonomis Daniel Dorsainvil, pou ane 2021 an, PIB pou chak grenn moun pou Ayiti te 53,87 goud tandiske pou ane 1945 lan li te 72,550 goud. Si n kwè FMI, PIB pa tèt pou Ayiti te ekivo a 697 dola ameriken nan lane 2021. Sa ki fè Ayiti te vini an 15zyèm pozisyon nan klas peyi ki pi pòv sou planèt lan. Mete sou sa a mank oubyen absans enfrastrikti, kalite edikasyon nou an ki ap degrade, chomaj la ki vin tounen nòm nan sosyete an e anplwa vin eksepsyon ak koze ensekirite an (kidnapping,disparisyon moun, gè gang elatriye.) ki ap vale teren chak jou pi plis nan peyi an.

Nou rive nan kafou tobout. Jan Sheakspeare te di l lan, se swa n sa a oubyen n  pa sa a. Se oubyen nou pou rekonstriksyon an peyi an oubyen nou pou l sonbre. Tèmomèt sosyal ak ekonomik lan lan montre n fyèv la fò. Nou pa ka nan preskri malad lan konprime pou soulaje doulè l ankò. Se maladi an menm pou n trete sinon malad la ap trepase.  Nou pa ka ap boloze, laloz e fè mètdam ankò. Nou nan yon kafou istorik kote n pa ka gad dèyè ankò sinon n ap tounen estati an sèl. Se enterè pèp ayisyen ki dwe sou tab la a. Se peyi an ki dwe priyorite n. Manm KNT yo dwe vote pou baz tranzisyon koupe fache an jete.

Me Iswick THÉOPHIN se enkanasyon menm ripti sila a Akò Montana a ap pwone an. Li pa gen okenn zanno kay òfèv. Li ka gade tout moun nan je. Li konsève vijinite politik li pou gran jou nòs la a pou l ka kontre ak lamarye an ki se pèp ayisyen. Kwake THÉOPHIN se yon pwofesyonèl  avoka, yon metye anpil moun wè tankou metye chèlbè ak metye elitis, li toujou bò kote pèp la a. Kabinè l se lari an. Li te prezan bò kote etidyan yo, li te prezan pou goumen kont enjerans devan anbasad peyi Lèzetazini  e yo te menm arete l pou sa a. Li te prezan nan mande jistis pou Me Dorval, Evelyne Sincère ak lòt moun ensekirite an vòlò souf lavi yo e nan batay kont fenomèn kidnapping lan.  Li se avoka militan san defans yo. Me Iswick THÉOPHIN se yon prekisè ideyoloji ripti Akò Montana a ap pwone an. Koze koupe fache ak tout move pratik ki met peyi an nan kalvè sa a se kredo lavi li.

Kèlkeswa moun ki wè peyi an avan enterè pèsonèl li ap wè nesesite pou yo vote senbòl ripti an. Dimanch 30 janvye 2022 ap yon gwo dat nan listwa peyi Dayiti k ap grave ak lèt an lò nan lespri jenerasyon k ap vini yo. Manm KNT yo ap gen yon kokennchenn responsabilite istorik. Yo pral chwazi si yo pral renouvle sistèm lan, ki egziste sa gen plis ke de syèk pou kontribiye nan malè pèp ayisyen an pi plis an oubyen si yo pral brize sik soudevlopman ak lamizè lè yo vote senbòl ripti an. Èske y ap gen kouraj pou fè listwa ? Oubyen èske listwa pral repwodwi ? Si m mouri, foumi va ban m nouvèl.

Frantz Mackenzie  LAINÉ

marckenzy1992@gmail.com


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks