PNA salye eleksyon Fritz Alphonse Jean ak Steven Benoit

PNA salye eleksyon Fritz Alphonse Jean ak Steven Benoit

PLATFÒM NOUVÈL AYITI (PNA) felisite ekonomis Fritz Alphonse Jean ak senatè Stevens Irvenson Benoît ki eli respektivman prezidan ak Premye Minis nan kad Akò Montana a. Nou espere administrasyon Fritz/Benoît pral bay tout li menm  pou jete baz tranzisyon koupe fache an pou pèp ayisyen an ka rale yon souf.

Ayiti dwe okipe plas santral nan tout desizyon nouvo gouvènman an pral pran. PNA tou pwofite salye kouraj ak angajman tout lòt kandida yo ki te nan kous la e espesyalman Me Iswick THÉOPHIN pou kouraj li ak volonte l te manifeste pou te poze blòk pa l nan koupe fache an.

Nou felisite tou kouraj Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT) an, Biwo Swivi Administratif (BSA)  ak tout lòt aktè ki te pèmèt bèl egzèsis demokratik sa a rive nan bout li. Tout salitasyon patriyotik nou.

Viv Ayiti ! Viv Tranzisyon Ripti ! Viv Demokrasi !


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks