BAAM apiye karebare KP a, men lap veye pwofil moun ki pral fè pati kabinè ministeryèl la

BAAM apiye karebare KP a, men lap veye pwofil moun ki pral fè pati kabinè ministeryèl la

Blòk k ap Apiye Akò Montana a (BAAM) koube l byen ba pou salye  kouraj pèp ayisyen an ki devlope yon rezistans san fay fas ak tout kalamite, ensekirite,vyòl, asasina, dechoukay ekonomik pandan dizan rejim PHTK a nan diferan vèsyon li yo.

Rejim sanginè  PHTK ak alye li yo,  pou kontinye  kenbe pouvwa a, simaye zam nan tout zòn metropolitèn Pòtoprens lan ak nan kèk pwovens bay gang pou chase popilasyon an nan yon seri de katye  e pou tabli nan kèk lòt katye yon  klima laperèz pou anpeche popilasyon an pran lari pou manifeste kont mizè, grangou ak vyòl kap fèt sou fanm ak Tifi, kont masak toupatou ak kidnaping k ap fin depatcha sosyete a.

Fas ak degradasyon inimajinab men reyèl Sosyete Ayisyèn nan kote avni peyi a menase, BAAM bat bravo pou bon konprann ansanm klas politik la k ap  vanse  nan pwosesis pou rive enstale yon konsèy prezidansyèl nan lide pou redrese peyi a ki sou wout pou disparèt.

  Nan kafou listwa danjere peyi a trouve l jodi a, BAAM rete kwè  tout manm konsèy Prezidansyèl la  totalman konsyan de gwo responsabilite k ap tann yo paske pèp ayisyen an  pa kapab ankò, nou bouke kouri, nou bouke kriye, Nou vle viv ! 

Gen yon pawòl granmoun ki di : Se depi nan maten pou wè kòman aprèmidi pral ye. Nan sans sa a, nou menm  ansanm antite ki konpoze BAAM lan  n ap veye ki pwofil moun ki pral fè pati de kabinè ministeryèl la ak nan tèt direksyon jeneral  yo pou n konnen èske pèp ayisyen an dwe achte kòd pou l mare vant li pou 2 lane k ap vini la.

Pou pèmèt pèp Ayisyen an rale yon souf, BAAM rete kwè   Konsèy Prezidansyèl la ak Premye Minis ki pral chwazi  a dwe voye yon sinyal klè bay popilasyon an  pandan y ap evite chwazi kòwonpi,  malonèt ak enkonpetan pou mete nan tèt ministè, direksyon jeneral, sekretèri deta, delegasyon ak meri nou yo. 

Nou menm nan BAAM, nou deja pare pou akonpanye aktivman konsey Prezidansyèl la ak gouvènman an nan tout   nivo antanke aktè politik nan pran bon jan mezi ak desizyon pou rive rezoud diferan problèm pèp Ayisyen an ap konfwonte nan domèn politik, ekonomik, sosyal, anviwónmantal, klimatik, imanitè, amenajman tèritwa, vyolans baze sou jan ak pwoblèm dwa moun.

Fwa sa a, BAAM di fòk se Ayiti ki priyorite tout moun k ap fè politik nan peyi a kòm dirijan.

Pou  fini, BAAM ap mande  Konsèy Prezidansyèl la, de konsè ak  gouvènman an pou prezante ak Nasyon an yon plan k ap genyen ladan l 6 Pwen ki se: 

  1. Bon jan estrateji pou tabli sekirite nan tout peyi a ;
  2.  Yon nouvo kad makroekonomik pou relanse ekonomi peyi a.
  3. Yon Plan pou lite kont ensekirite alimantè ak Kriz imanitè nan peyi a.
  4. Yon konferans nasyonal pou tabli yon pak gouvènabilite ak yon plan devlopman pou peyi an  pou 50 lane k ap vini la yo ;
  5. Amandman konstitisyon an;
  6. Eleksyon  pou retounen peyi a sou ray demokratik.

Konsa,  tranzisyon politik sa va yon  reyisit ki va pèmèt pèp ayisyen reprann konfyans nan lidè politik yo e listwa va sonje nou te pran bon desizyon pou te rekanpe  Ayiti sou wout estabilite politik, ekonomik ak sosyal.

Pou komite a :

Valéry COQUILLON,  Kòdonatè Jeneral ;

Fred Alico DUROCHER,  Sekretè Jeneral ;

Anel DORLEAN,  Responsab Relasyon Piblik ak Mobilizasyon 

Contact :+(509) 4461 8210/ 4726 9615/ 3632 3759


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks