MANIFES : « OPERASYON FÈMEN AYITI POU NOU REBATI L »

MANIFES : « OPERASYON FÈMEN AYITI POU NOU REBATI L »

211 lane avan Ayiti te rele (Perles des Antilles) jodi ya nou nan ke kamyonèt la, nou sanble ak yon bann zanimo ki konn kote nou soti men nou pa konn kote nou pwale.Twazièm kongrè ya poko janm ka fèt apre asasina papa nasyon an Jean Jacques Dessalines nan dat ki te17 Oktòb 1806.

Mwen, Theova Milfort, mwen se pitit e yonn nan aktè mouvman mobilizasyon kit e fose diktate J. C Duvalier ak akolit li yo kite pouvwa a an 1986 nan Gonayiv, yon mouvman ki te gen de moun vanyan tankou Jean Tatoune, Joe Lucy, Kuben, Flovèl, Richardson Narcisse elatrye. Jòb mwen antan ke jenn timoun revolisyone se te ekri grafiti ak ekri trak lage yo byen bonè devan legliz, mache ak lekòl pou n te sansibilize pèp la kont diktati kann kale ya, diktati pentad mawon yo. Se te an prezans mwen, tifrèm yo ak papa m kite al chèche nou nan manifestasyon devan kay Pè Imakile Konsepsyon yo, kase yon baton nan tèt Jeanjean ti frè m, tèlman papa m te sezi wè fason Jean Robert Cius te tonbe anba zye l, malerezman move vèb sa yo toujou ap konjige jodi ya, nou benefisye sèlman libète lapawòl, malgre sa gen gouvènman ak moun ki toujou ap menase l, ekzanp, yo touye Jean Dominique, Jacques Roche, Brignol Lindor elatrye.

Pa twò lontan desa yo tire sou radyo Kiskeya e tout lòt libète yo poko ateri, tranzisyon poko janm fèt depi 1990, nou paka oganize bon eleksyon,eleksyon ap vann tankou patat ak mango atè nan kwabosal, se etranje ki pou bay lajan pou eleksyon. Nou konstate peyi a plonje nan yon kriz sosyete kote bagay pi mal yo rive chak jou anba je nou, ekzanp : krim, enpinite, kidnapin, volè leta, koripsyon, dròg ak postitisyon ak anpil koudeta fè mikalaw.Lajistis an ranyon, lafanmi demisyone, se fòs zam ki pale, lamizè, chomaj ap ravaje lajenès san pale de timoun ak granmoun yo, 60 goud pou yon dola, gen yon kriz konfyans, tout moun sou blòf, pagen wòl modèl, leta a kraze. N ap di mouvman 86 lan poko ateri, li nan pasaj.

N ap di epòk pale anpil, esklizyon sosyal, esklizyon kiltirèl, esklizyon politik ak esklizyon ekonomik, dan sere, plenyen, enpinite, banbòch ak diskou blòf yo fini, n ap raple ke tout sektè nan peyi a responsab. Sistèm lan rive nan bout li, tout sektè yo echwe, gen yon sèl fason pou peyi ya monte sou chimen eta de dwa ak develòpman dirab, se kouman n ap defini yon lòt sistèm jistis ak yon lot sistèm ekonomi,kiltirel e sosyal entegral poun kwape e divòse avek echèk sistem 211 lane a,ke nou pase san n pa realize anyen serye, fòk nou gen yon strateji pou fasilite yon pakèt ti antrepriz ak mwayenn entrepriz rantre nan ekonomi an avèk entelijans e dinamik jenès la pou pèmet tout kolonn moun pòv sa yo travèse nan klas mwayenn»

Sispan n mande kisa Ayiti ap fè pou ou, men se kisa wap fè pou Ayiti »Yon lòt Ayiti posib!Pawol Valery Numa!!! N ap fè l konsa :

Pwopoze, Enplemante, Enpoze : Prepare yon plan direkte/pwoje sosyete pou peyi yan pou 25 lane o mwen epi poze jalon pou sa.

« OPERASYON FÈMEN AYITI POU NOU REBATI L »

« Bondye Patri disiplin travay Pwogrè »

1)Fòmasyon yon Konsèy Gouvenman Renesans (3) moun, pami yo yon Prezidan ak 2 manb pou bati ak Konsolide yon Nouvo Systèm Etatik solid, modèn ki se model (Seminole Tribe of Florida) baze sou politik jistis sosyal, edikasyon, tranparans, egalite, biznis, teknik, teknoloji, lasyans, diplomasi, sistèm ekonomi entegral, dinamik, pèfoman e modѐn, pataje richès yo, bay popilasyon an sèvis, san n pa blye etik, valè repibliken, kiltirèl, prensip, moral, lanmou, konpasyon, sosyal ak eta de dwa. Kap gen manda (3) lane minimòm ak misyon:

2)Dekrete Bondye se sèl chef siprèm Ayiti e tout lot relijyon yo gen dwa e libète pou yo fonksyone.Dapre 2 chronik 7 vèsè 14.

3)Nominasyon Konsyèy Nasyonal Syantifik e Teknik Siperyè.

4) Nominasyon Konsyèy saj yo.

5)Nominasyon yon Kabinè Ministeryèl, direktè jeneral ak kolektivite yo.

6) Nominasyon 10 Gouvènè Nasyonal et Vis Gouvènè ak Kad Teknik.

7) Nominasyon Ajan devlopman – Majistra e Kazèk Polis Kominal e Kad Teknik.

Politik piblik:

Refòme leta, kote se diktati lwa yo kap aplike kont tout moun ki pa dwat zye bande, amonize enstitisyon yo, dinamize yon leta ki gen otorite, endependan,otantik, entegral, pèfòman, modèn e prospè nan enterè peyi a.

Politik Teknolojik:

1)Dekrete E-Government.

2)E-Commerce.

3)Revolisyone aksè teknolojik/internet ak enfomasyon jeneral pou lajenès nan tout peyi a, pri konpetitif.

Politik Jistis/Sekirite Piblik:

1) Refòm jeneral ak desantralize lajistis, kote se lalwa ki bousòl leta,nan bay lajistis zye bande. 2)Pwofesyonalize ak ogmante efektif lapolis pou pwoteje ak sèvi popilasyon an.

3)Dekrete Zero tolerans,5 a 20 lane prizon ak travo pou fòse tout fonksyonè leta ak moun ki nan popilasyon an ki komèt zak trayizon, paske nan mitan nou pa fèt pou gen trèt.Retire dwa sivile politik yo.

4)Dekrete yon moun ki tire anlè 1 lane prizon,rale zam sou moun 5 lane,tire e blese yon moun 5 lane, tire e touye yon moun 25 lane e retire dwa sivil ak politik yo.e Men m dispozisyon an pou zam blanch yo.Retire dwa sivile politik yo.

5)Komisyon Jistis ak verite e desantralize pou resevwa plent ak prepare amnisti jeneral nan peyi a, eksepte moun ki komèt krim touye moun ak krim ekonmik yo, yon fason pou tout moun ki koupab jije devan yon lajistis zye bande, pou Ayiti ka dekole.

6)Zero tolerans ak travo fòse pou tout moun k ap travay nan sistèm lajistis, nan leta a ak nan popilasyon an ke rezilta ankèt rive dekouvri ki koupab nan koripsyon, volè lajan leta, kidnapè, kriminèl, kadejakè kif è vyolans sou fanm, granmoun ak timoun. Moun ki abize ak detwui Lafònn ak Laflòr n ap pale de zannimo yo/ak plant yo. Amand, travo fòse ak 1 a 20 lane prizon pou jan de moun sa yo e retire dwa sivil ak politik yo.

7)Dekrete yon konsèy konsiltatif pou prepare yon nouvo Konstitisyon.

8)Dekrete Etats Generaux Ayiti/Diaspora pou prepare yon Pak Nasyonal Bon Govènans/pwoje sosyete pou 25 lane nan pratike yon politik etadedwa ki chita sou aplikasyon diktati lwa yo, devlope on sistèm teknoloji agrikòl, libète ekonomik, edikatif, kiltirèl, sosyal, politik, sekirite piblik ak devlòpman dirab baze sou lasyans.

9)Resansman jeneral(IHSI)

10)Nominasyon yon Konsye jesyon nan(DGI) 3 manb

11)Nominasyon Konsye jesyon nan Dwan(AGD) 3manb

12)Nominasyon Konsye jesyon nan (ULCC) 3 manb.

13)Nominasyon Konsye jesyon nan (ONI) (3) manb.

14)Konstriksyon (4) gwo prizon modèn nan depatman Nòdwes,Nò,Latibonit, nan Sant ak nan Sid.

N.B.”Gen 2 fason pou jere yon peyi,se mete tout malfrendeng anba kod/ prizon ak fe yo peye amand pendan kès leta pagen trou ladann”

Politik defans:

1)Dekrete kreyasyon yon Depatman Deta Ayiti/Establishment

2)Eta Majò Lame pwofesyonel/Sèvis Ransèyman Jeneral.

2) Rapatrye, pwofesyonalize ak ogmante Fòs Lame Dayiti pou pwoteje tèritwa anlè kou atè, sou dlo ak kont atak sibènetik, patisipe nan devlòpman enfrastriktirel ak fè entèvansyon si gen katastròf natirèl nan peyi a.Deba nasyonal…

3)Dekrete Zero tolerans, 20 lane prizon ak travo fòse pou tout militè ak otè entèlektyèl ki ta patisipe nan koudeta.

4)Koumasyal pou militè ki komèt zak trayizon paske nan mitan nou pa fèt pou gen trèt,25 lane prizon ak travo fòse.

5)Sèvis militè obligatwa pou lajenès koumanse laj 18 lane.Bidjè…Deba nasyonal.

Politik Etranje/Diplomasi:

Refom nan diplomasi pou modernize,dinamize pou renfose relasyon,koperasyon ak echanj yo ak lot peyi nan mond lan avek respe e dinyite nan entere Ayiti kom peyi souveren.

Politik Ekonomik:

1)Refòm ekonomik baze sou fòs pwodiksyon,monte yon sistem fiskal ak tax sou sèvis ak byen ekzanp;salarye, abitasyon, domèn fonsye, enpo lokatif, dwann, resous natirèl, tax pwofesyonèl ak komès enfomèl.Ogmante rezèv deviz BRH, redwi enflasyon, stabilize goud la fas dola a nan balance ou ogmante expòtasyon peyi a sou enpòtasyon,yon politik ekonomik pou ogmante resèt leta a, pandan leta ap diminye sou tout depans yo, ekzamp pa achete machin delux, pa bay gaz pou gaspiyaj, kat telefòn gratis pou fonksyonè leta, siprime tout pwojè bidon ak perdiem pou vwayaj initil elatriye,yon fason pou bay popilasyon an pi bon sèvis ak fasilite redistribisyon richès peyi a nan bay tout moun menm opòtinite. Demokratize sektè tibiznis ak mwayenn biznis pou remanbre klas mwayenn lan.Yon ekonomi endojèn/hybrid baze sou fòs pwodiksyon nasyonal pou pèmèt jenn gason ak jenn fanm pòv sa yo fè lajan pou remanbre klas mwayenn ki finn depafini, paske yon peyi san klas mwayenn, se tankou Brezil k ap jwe avèk Ajantin san mitan teren.Yon ekonomi ekitab, otantik ak pèfòman inevitab pou Ayiti vinn yon peyi emèjan a pati de lane 2040.Ayiti dwe bay yon to kwasans ekonomik 10 a 12% nan 5 a 10 lane.

2)Refòm sistèm bank komèsyal lan, makro kredi.(MEF/BRH)

3)Lejislasyon mikrofinans, koperativ ak kès popilè nan peyi a.

3)Devlòpman ekonomik pol Legran Nò/ depatman Sant, patrimwan kiltirèl, resous natirèl, pwodiksyon agro-endistri,transfòmasyon,endistri soutretans, ekspansyon ak enèji renouvlab.

4)Devlòpman ekonomik pol Gran Atibonit agro-endistri, transfòmasyon ,endistri soutretans,patrimwan kiltirèl enèji renouvlab, resous natirèl ak komès.

5)Devlòpman ekonomik Penennsil Sid/Gran Sid, konstriksyon yon waf ak aeropò modèn pou fè transit,konsolidasyon ak tri pou bato/comès Amerik,Azi, Karaib, Afrik ak Eròp, enèji, resous natirèl ak agro-endistri. Agro-endistri, transfòmasyon ,endistri soutretans,patrimwan kiltirèl enèji renouvlab, resous natirèl ak komès.

6) Dekrete lwa sou asirans vi, sante, machin ak byen.

7) Dekrete lwa mityèl asirans vi ak sante pou polisye/militè ak anplwaye leta peyab 25% pa leta sou chak kontribisyon mensyel.

8) Oganizasyon fowòm Ekonomik Diaspora /Ayiti

9) Aksè kredi dirèk pou fanm.

10) Dekrete lib konkirans ak lib entrepriz nan tout peyi a.

  1. a) Kreye yon fon pou edikasyon ak espò.
  2. b) Kreye yon fon pou envestisman.
  3. c) Kreye yon fon pou lame/lapolis
  4. d) Kreye yon fon pou eleksyon.
  5. e) Kreye yon fon pou touris.

PolitikTravo Piblik ak Kominikasyon:

1) Konstriksyon ak antretyen/SEPREN wout depenetrasyon.

2) Lejislasyon ak modenizasyon tout direksyon jeneral ak sèvis ki sou kontwòl TPTC ekzanp kominikasyon elatrye…

3) Nominasyon yon konsèy Remanbreman pou ki retounen ak sèvis telefòn ak fil.

4) Nominasyon yon konsèy Remanbreman pou evalye ak modènize CNE.

5) Nominasyon yon konsèy Remanbreman pou evalye,modernize ak fè fomasyon kontini nan Ladwan/AGD,APN,AAN kwape koripsyon ak ogmante resèt leta.

Politik Eneji:

1)Evalye,restriktire ak modernize

ED’H,enjineri,apwovizonman,pwodiksyon,rezo,distribisyon,depanaj ,bodwo ak reset.

2)Evalye kontra yo.

3)Etid,ekzekisyon ak realizasyon eneji renouvlab avek dlo,van,soley e frata.

 

Politik fonksyon piblik:

1)Fonksyon piblik se yon karyè ki dwe baze sou merit,men tout job yo garanti sou baz disiplin,pwodiksyon ak perfomans chak enplwaye.

2)Amonize relasyon ant tout ministe yo.

3) Leta dwe fè oryantasyon,bay atribisyon/responsabilite, fomasyon kontini,rekomandasyon,swivi,sipevizyon,perfomans, pwomosyon ak avantaj sosyal pou tout enplwaye leta.

4)Demokratize sèvis leta yo pou popilasyon an benefisye pibon sevis.

5)Sevis kliyentèl kreyol ak franse.

Politik Kiltirel:

1) Kominike (KONATEL) ap bay yon kota 90% pwogramasyon radyo ak televizyon pou sipòte politik kiltirèl, ezanp; mizik, chante, danse, atizana, fòlklò, pwezi, sinema, teat.leta ap negosye avek media yo pou pase politik kampay sensibilizasyon pou relanse edikasyon sivik, alfabetizasyon,alfanetizasyon, rebwazman, sante piblik, pwodiksyon nasyonal, touris, enfòmasyon, fòmasyon/edikasyon, distraksyon ak ekonomi nasyonal e 10% pou pwogramasyon radyo ak televizyon jwe pwodui lòt peyi etranje lanwit sèlman.                                

2) Kominike Ministè edikasyon nasyonal ap retounen ak liv enstriksyon sivik e moral nan tout lekòl primè.

3) Pou drapo monte chak 8 è maten ak desann avèk respè a 5 è apremidi.

Politik Edikasyon:

1) Refòm edikatif.

  1. a) Bidjè
  2. b) Konsèy jesyon
  3. c) Staff pwofesè/ Pwogram fomasyon kontini
  4. d) Konstriksyon Batiman modèn ak infrastrikti nan tout peyi a.
  5. e) Materyèl didaktik, laboratwa ak espò
  6. f) Kindergarten/Matènèl
  7. g) Primè
  8. h) Segondè
  9. e) Ekòl teknik
  10. j) Inivèsitè
  11. k) E-learning/teknoloji
  12. l) Setifika/Matenel
  13. m) CEP
  14. n) Bac II
  15. o) Diplòm
  16. p) Lisans
  17. q) Metriz
  18. r) Doktora
  19. s) Staj ak sèvis sosyal.

t)Tout timoun dwe al lekòl gratis.

  1. u) Konstriksyon lekòl piblik pou timoun nan tout seksyon kominal peyi a.
  2. v) Konstriksyon 50 lekòl teknik/pwofesyonèl ak E-learning/klas adistans pou lajenès nan tout peyi a.
  3. w) Konstriksyon 9 gwo kanpus batiman pou inivèsite leta nivo lisens ak E-learning, Atibonit, Sant, Nodwès, Nodès, Sidès, Sid, Nipes, Fòlibète ak Grandans.
  4. x) N.B: Inivèsite leta ki nan Lwès yo ap inove e transfòme pou pwogram Doktora.

Y )Alfabetizasyon de pwoksimite.

  1. z) Konstriksyon sa yo ap fet sou yon period 25 lane maksimòm

Politik Dwa moun:

1)Pwoteje dwa tout moun alawonbadè, Egalite pou fanm ak moun andikape nan politik, administrasyon piblik ak prive.Opòtinite ekonomik pou tout moun.

2)Engaje ak akonpaye Oganizasyon fanm, endikape, dwa timoun ak dwa granmoun yo. 3)Libète lapawòl, pwoteksyon prizonye, dwa travay,dwa dlo potab, dwa sante, dwa libète,dwa edikasyon, dwa sivil ak politik elatrye…

4)Dekrete Sèvis sosyal sitwayen obligatwa.

Politik Agrikòl:

1)Dekrete yon fon agrikòl modèl gouvenman (SeminoleTribe of Florida) remobilize                                                                                                                                                                              BNDAI (Bank Nasyonal Devlòpman Agrikòl ak Endistri) desantralize, konstriksyon 10 Sant semans pou enkouraje devlòpman agrikol, fè peyi a mache kòm yon biznis pou favorize yon to kwasans ekonomik 10 a 12% nan 5 a 10 lane, pou bay peyi a manje, espòte danre ak peye Venezuela/ Petrocaribe a avèk danre ke nou pwodui…

2)Kaporalis agrè ak forestyè pou kontwole plantasyon yo e enpeche koupe pye bwa anachikman.

3)Dekrete Kanpay nasyonal kont rechofman klimatik, rebwazman ak enèji renouvlab

-Jodia pagen yon Indien Seminole ki pov,pou yon fanmi ki gen 5 moun,yo touche preske 1 milyon dola chak lane.

Politik Sante Piblik:

1)Konstriksyon lopital depatmental, kominal, klinik/dispansè fix ak mobil nan tout seksyon kominal nan maksimòm 25 lane.

Direksyon kontwòl, sipèvizyon ak lisens pwofesyonèl sante.

a)Kampay Nasyonal planning pou timoun pa fè pitit ak pou granmoun pa fè twòp pitit (kapòt)

b)Kanpay vaksinasyon pou timoun.

c)Kanpay nasyonal kont Kolera ak tout lot maladi kap ravaje pep la.

d)Pwoteje dwa fanm ensent ak ti bebe.

e)Sèvis Eta Sivil dekonsantre nan lopital ak nan tout peyi a.

f)Kaporalis sanitè nan lopital,,restoran dispansè ak mache piblik nan tout peyi a.

g)Kominike sou Konsomasyon alkòl ak sigarèt 18 ane, ètout moun k ap vann alkòl ak sigaret dwe mande jenn timoun yo idantifye laj yo avan.konsomasyon marigwana ak dwog,sanksyon ap pran kont tout moun ki vyole lwa sa a. Amand 10,ooo gdes minimòm ak 1 mwa a 36 mwa prizon minimòm.

Oganizasyon bon jan eleksyon kredib e onet san fos kote ak yon Konsey Elektoral Pemanan:

1)Fomasyon Konsèy Elektoral (9)manb

a)Komisyon indepandan

b)Lwa elektoral,vot elektronik, dwa politik ak dwa vòt diaspora.

c)Budjè nasyonal/fon pou eleksyon.

Konsye Gouvenman Renesans:(Nap note ke nou komanse kontakte moun nou fè chwa de nom yo).

Theova Milfort, Prezidan

Mme.Liliane Pierre Paul,V.Prezidan

Prof.Bayyinah E.Bello,V.Prezidan

Konsye Nasyonal syantifik e Teknik :

Inivèsite

Dolcine Pierre Ph.D

Dr.Kemy Alexandre

Me.Philippe Brutus

Agr.Erick Rene

Agr.Eddy Dorce

Stanley Lucas

Eddy labossiere

Lesly Pean

Roosvelt Jean Francois

Edner Alexandre

Romel Simon

Pierre Michel Derivois

Lucien Saint Louis

Fred Manigat

Nerlie Riviere

Me.Cotch Conzi

Pierre Mendes Alcindor

Alain L. Hall

Abel Joanem

Ing Daniel Libertin

Camille Charlmers

Ing.Homere Mercure

Michelle Guillaume

Beraca Innocent

Linda Cesar Noel

Stanley Jean Bernard

Gracien Jean

Clunie Pierre

Maggie Florestal

Konsye Saj yo:

Me.Gerard Gourgue

Mde.Claudette Roy Fombrun

Frank Etienne

Firmin JeanLouis

Agr.Col.Francois Raphael

Mde.Marlene Bastien

Myriam Charles

Kabinè Ministeryèl Renesans

Sosyete Sivil.G8,G30 e PHTK

Komite Kolektivite Tèritoryal/Konseye Teknik:

Joe Celestin Ansyen Majistra North Miami

Andre Pierre Ansyen Majistra North Miami

Jean Rodrigue Marcelus /North Miami

Erlande Esteril /North Miami

Jacques Despinos

Philippe Derose

Gary Jean Philippe

Konsey Konsiltatif:

Me.Gerard Gourgue Prezidan donè

Mde.Mirlande Manigat Prezidant

10 Senatè yo

Me.Nehemi Joseph

Me.Carlos Hercule

Georges Michel

Me.Roger Charles

Me.Mario Valcin

Naphis Petit bel

Me.Michel Donatien

Monfort Alexis

Murielle Presume

Violine Thelusma

Sandra Jean Gilles

Me.Marc Antoine Saintvil

Dr. Luc Flerinord

Deus Jean francois

Robert Denodin

Me.Mecene Jean Lous

Me. Rony Belma

Gelerme Laguerre

Woobens Bordenave

Me.Claudy Garsan

Francois Adrien

Me.Ronald Cordon

William Guillaume

Me. Anthony Georges Pierre

Jean Claude Exulien

Konsye Etats Generaux :

Dr.Tuneb Delpe,Kowòdinatè Jeneral

Prof.Antoine Augustin 2eme Kowòdinatè

Prof.Institut La serve 3 eme Sek.Jeneral Kowòdinatè

Amos Cincir, 4 eme Kowòdinatè

Gary Victor,1e Sek.Jeneral

Lionel Trouillot ,2eme Sek.Jeneral

Yanick Lahens,Rapotè

Emillie Prophete, Rapotè

Ricot Derivois Trezorye

Patrice Dumond, Pot Pawòl

Jacques Pierre Louis ,Pot Pawòl

Arnold Antonin ,Manb

Raoul Peck ,Manb

Jean Junior Joseph

Patrick Alexis,Manb

Frandley Julien ,Manb

Brunine David,Manb

Regine Coicou,Manb

Konseye:

Kesner Pharel

Fritz Mevs

Jerry Tardieu

Daly Valet

Persona Jean Joseph

Carl Henry Chartelier

Theodore Beaubrun Jr. Lolo

Belo

Ruthchelle Guillaume

Past. Gregory Toussaint

Past. Muscadin Andre

Past. Marco

Altenat Zamor

Charline Augustin

Soinette Desir

Richard Morse

Harry Nicolas (Mèt fèy vèt)

Selebrite :

Garcelle Beauvais

Pras Michel

Luc Mervil

Jimmy Jean Louis

Emeline Michel

Andre Berto

Wyclef Jean

Media:

Valery Numa

Jean Monard Metelus

Gary Pierre Paul Charles

Lesly Jacques

Alex Saint-Surin

Patrick Eliancy

Yves Mary Chanel

Erold Emmanuel

N.B.Majorite moun ke nou chwazi nan dosye impotan sa a, yo pa zanmi’nou, nou pa gen tan kontakte tout e rezon an senp, se paske yo pa janm envite pyès moun nan lanmò, depi gen lanmò tout moun se pote kole pou ofri sèvis yo ak kolaborasyon yo. Rele, voye CV nan email sa a pou konfime patisipasyon w nan konplo nasyonal sa a.

Fok nou antere vye diskou sa yo ; Pito nou lèd nou la,malere pa brital,mwen bezoin yon ti kay, yon ti machin,yon ti fanm,yon ti kob,se Ayisyen pou ta ye,depi nan ginen neg pa vle wè neg, elatrye.

Ayiti,”Ke nou tout sove ansanm oswa nou tout peri ansanm” Sakrifis pa janm twò gwo pou sove yon peyi » Yon sèl bagay k ap sove nou se yon Konplo Nasyonal.Viv pwodiksyon nasyonal! Viv lajenès ! Viv yon revolisyon sosyokiltirel ak ekonomik!

La voix des sans voix!

Theova Milfort                                                                        Jean Ricot Derivois

Prezidan                                                                                        Sek.Jeneral

@theovamilfort                                                                                 

Email:theova10@yahoo.com.au                                               

Haiti (509)36994828 / USA 786 663 9336


La Rédaction

La Rédaction Contact : actualites@haitinews2000.com
Enable Notifications OK No thanks